AYITI/ POLITIK: PLIZYÈ MEDYA KOLONBYEN AKIZE CLAUDE JOSEPH KÒM OTÈ ENTÈLEKTYÈL ASASINA JOVENEL MOÏSE LA*

0Plizyè medya kolonbyen pami Caracolradio ak Noticias caracol lonje dwèt sou premye minis pou yon ti bout tan an, Claude Joseph kòm moun ki planifye asasina prezidan Jovenel Moïse la._

Medya kolonbyen yo akize chèf gouvènman an nan lanmò Jovenel Moïse la. Daprè Caracolradio ak Noticias caracol, Claude Joseph pa inosan nan sa ki pase nan lannuit 6 pou 7 jiyè nan pèleren kote yo asasinen prezidan an lakay li.

Premye minis la bò kote pa l, poko reponn ak akizasyon sa yo.

Touswit apre krim nan te fin fèt, premye minis pou yon ti bout tan an Claude Joseph te fè konnen nan mikwo laprès, se te yon pakèt mèsenè mèsenè ki pale espanyòl ki te vin asasinen prezidan an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …