AYITI/ ASASINA: GOUVÈNMAN BAY DAT FINERAY LANMÒ PREZIDAN JOVENEL MOÏSE.

Gouvènman ayisyen an fikse dat fineray prezidan repiblik la Jovenel Moïse, ki te mouri asasinen lakay li nan Pèleren senk (5) nan lannwit sis (6) pou louvri sèt (7) jiyè 2021 pase a.

Nan kad yon konferans pou laprès manm gouvènman bay jounen vandredi sèz (16) jiyè 2021 an, minis kilti ak kominikasyon an Pradel Henriquez, fè konnen antèman ansyen prezidan jovenel Moïse ap chante vandredi ventwa (23) jiyè 2021 an, epi li ap antere selon volonte fanmi an. Pilwen minis Pradel Henriquez, anonse venteyen (21) ak ven de (22) jiyè gouvènman ap òganize de (2) jounen memoryal nasyonal dabò, youn nan mize pantewon nasyonal nan memwa pou rann yon omaj ak ansyen chèf Leta ki ap sou kontwòl pwotokòl palè nasyonal epi gouvènman ap òganize lòt la toujou nan memwa ansyen prezidan Jovenel Moïse.

Pou fini, minis kilti ak kominikasyon an Pradel Henriquez, ki fè konnen desizyon pou òganize yon fineray nan respè dinite ansyen chèf Leta, jwenn rekonesans legal li a travè yon arete kite sòti onz (11) Mas 2020.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …