Otorite pwoteksyon sivil Bèljik, nan kad yon bilan yo prezante jounen vandredi sèz (16) jiyè 2021 an, fè konnen gen dizuit (18) moun ki mouri ak dis nèf (19) lòt ki disparèt, daprè deklarasyon pòt pawòl sant kriz Bèljik la, Antoine Iseux.
Sou bò pa li, minis enteryè Annelies Verlinden, nan yon kominike presize dega inondasyon yo anpil ki devaste yon bon pati nan peyi Bèljik, minis lan ki fè konnen dlo a ki koumanse bese nan kèk zòn.
Dieuva Occidor