AYITI/ASASINA: PLIZYÈ SATÈN MOUN PRAN LARI NAN DEPATMAN NÒDWÈS PEYI A POU MANDE JISTIS POU CHÈF LETA JOVENEL MOÏSE.

Avèk anpil tristès, anpil dlo nan je ak dezolasyon plizyè santèn moun te pran lari nan depatman nòdwès peyi a jounen vandredi 16 jiyè 2021 an nan lide pou mande jistis pou ansyen lokatè palè nasyonal la Jovenel Moïse.

Manifestan yo ki tap mande jistis pou prezidan Jovenel te abiye ak mayo blan pankat nan men yo epi yo tap chante  » mare yo, mare ansasen yo, mare Boulos. » prezidan Jovenel Moïse nou ap kontinye travay ou a. Se kèk eslogan nou te li nan pankat manifestan yo.

Yon lòt kote, yo kondane nan dènye rigè zak ansasinay yo fè sou prezidan Jovenel Moïse la, yo kontinye pou yo mande leta Ayisyen pou fè bon jan limyè sou lanmò prezidan an. Yo pwomèt yo ap kontinye foule beton jouk prezidan an jwenn jistis.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …