AYITI/ EDIKASYON :  » TOUT BAGAY PRÈ POU DEWOULMAN EGZAMEN LETA YO NAN DEPATMAN NIP », DAPRÈ DEKLARASYON DIREKTÈ DEPATMANTAL EDIKASYON AN ODEL JOSEPH.

Tout dispozitif deja pran pou dewoulman egzmen ofisyèl klas nevyèm, lekòl nòmal enstitè (ENI) ak sant edikasyon familyal ( CEF) yo, lendi dis nèf (19) jiyè 2021 an, nan onz (11) komin depatman Nip lan, daprè otorite nan direksyon depatmantal ministè edikasyon nasyonal Nip yo.

Nan kad yon entèvyou ak Echo Jounal, direktè depatmantal ministè edikasyon nasyonal Nip lan Odel Joseph, fè konnen se yon total simil san uit (6 108) kandida ki pral sibi egzamen nevyèm yo ane sa, 235 kandida lekòl nòmal enstitè (ENI) ki gen ladan li san swasant dizuit (178) enskri ak senkant sèt (57) rekale epi senkanteyen (51) kandida sant edikasyon familyal. Pilwen, Odel Joseph ki presize kandida sa yo ap gen pou konpoze nan vent nèf (29) sant ki nan onz (11) komin depatman an.

Pou fini, Odel Joseph, ki rekonèt egzamen ofisyèl yo ap dewoule ane a nan yon kontèks ki difisil li mande ak kandida yo pou fè tout jefò pou respekte seri konsiy yo ki se : pa vin konpoze san inifòm, kalkilatris ki tou pwograme ak zam.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …