AYITI/ASASINA: LAPOLIS NAN PEYI KOLONBI IDANTIFYE MOUN KI BAY LÒD POU TOUYE PREZIDAN JOVENEL MOÏSE LA.

Lapolis nan peyi kolonbi idantifye vandredi 16 jiyè 2021 an sitwayen Joseph Felix Badio kòm moun ki bay 2 mèsenè yo lòd pou touye Prezidan Jovenel Moïse.

Polisye kolonbyen yo fè konnen Joseph Felix Badio se yon ansyen gwo fonksyonè nan ministè jistis nan peyi Dayiti, epi lap travay nan sèvis jeneral ransèyeman nan peyi a.

Yon lòt kote yo fè konnen se Badio menm ki bay de (2) komanndo yo lòd pou touye prezidan an, men yo pa konnen vrè rezon ki dèyè tèt Félix Badio ki fè li touye premye mandatè peyi a.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …