AYITI/ ASASINA :  » CHERI NOU MOURI », DÈNYE PAWÒL PREZIDAN JOVENEL MOÏSE AVAN YO TE ASASINEN LI.

Nan yon atik yon jounal nan peyi Kolonbi ki se  » journal SEMANA » pibliye fè anpil revelasyon sou enfòmasyon ansyen premye dam repiblik la Martine Moïse, fè sou asasinay ansyen chèf Leta Jovenel Moïse.

Jounal kolonbyen « SEMANA » , revele Madanm Martine Moïse te pale ak ajan FBI yo pandan li te twouve li nan peyi Etazini lap pran swen akoz li te viktim. Daprè jounal « SEMANA », Martine Moïse deklare ak ajan FBI yo nan moman atak mèsenè yo mari li Jovenel Moïse te di :  » cheri nou mouri ». Sela brannba ta pral koumanse, se sa jounal « SEMANA » rapòte madanm Martine Moïse, fè kòm premye deklarasyon devan ajan FBI yo.

Toujou daprè medya  » SEMANA », rapòte fanmi prezidansyèl la te twouve yo nan chanm li nan moman mèsenè yo tap atake kay la ak gwo kout zam konsa madanm lan te kouri al kache timoun yo nan douch la.

« Asasen rantre ak fòs jiskaske yo rive nan sal prezidansyèl la » selon deklarasyon li ak anketè FBI yo epi li te tande mèsenè yo ki ap pale lang Espanyòl. Nan moman yo tap fè atak la, yo te nan telefòn ap pale epi resevwa lòd.

Nou ap siyale, Martine Moïse rantre nan peyi samdi disèt (17) jiyè 2021 an, pou kapab vin planifye antèman mari li Jovenel Moïse ki ap chante ven twa (23) jiyè 2021 an.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …