LAFRANS/SANTE : PLIZYÈ MILYE MOUN PRAN LARI NAN PEYI LAFRANS POU MANIFESTE KONT VAKSINASYON AK PASPÒ SANITÈ.

_Plizyè milye moun, nan nenpòt 3 lye rasanbleman foule beton an samdi 16 jiyè 2021 nan vil Pari kapital peyi Lafrans kont diktati ak « pas sanitè ». Daprè RFI, yon medya fransè, te gen manifestasyon tou nan kèk lòt vil nan peyi Lafrans._

Ministè enteryè nan peyi Lafrans resanse 136 lye rasanbleman ki mobilize 96 000 moun nan tout peyi a. Sa ki lakoz, gen 114 000 moun ki manifeste nan peyi Lafrans kont mezi sanitè tounèf ki fèk pran yo. Nan vil Pari sèlman te gen 18000 moun ki te pran lari, daprè ministè enteryè fransè a.

Nan kad manifestasyon sa a, nan vil Pari, te gen yon kòtèj ki te gen detwa milye moun ki te pase devan Palè Wayal, devan konsèy konstitisyonèl, premye awondisman kapital la anvan yo te travèse « seine » nan pandan yo tap di  » libète », « non ak diktati sanitè » oubyen Macron  » demisyone ».

Nan tèt konsèy sa, te gen kèk gwo non tankou nimewo 2 fwon nasyonal la Florian Philippot, chantè Francis Lalanne ak ansyen ejeri  » jilè jon » Jacline Mourad, rapòte RFI.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …