AYITI/FINERAY: GOUVÈNMAN SOTAN AN DEKLARE GEN 2 JOU KI AP FERYE EPI KI PAP GEN TRAVAY.

Nan yon arete gouvènman sòtan an pran, yo deklare jedi 22 ak vandredi 23 jiyè 2021 se ap jou ferye epi travay pap fonksyone pou okazyon fineray prezidan Jovenel Moïse la.

Gouvènman sòtan ki gen nan tèt li, jiskaprezan, Claude Joseph deklare ferye epi chome. Desizyon sa pran pou okazyon fineray ansyen chèf Leta a ki ap gen pou fèt vandredi 23 jiyè 2021 nan vil Okap Ayisyen.

Ansyen chèf Leta a te tonbe anba bal endividi nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021 nan pèleren 5. Nan atak sa, madanm li, premye dam repiblik la te soti blese daprè enfòmasyon yo.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …