YON MILYADÈ AMERIKEN REYISI YON VWAYAJ LI FÈ NAN LESPAS

Milyadè ameriken an, Jeff Bezos reyalize madi 20 jiyè 2021 an  premye vwayaj li nan lespas abò vòl yon antrepriz li genyen ki rele  » Blue Origin ». Sa ki, toudenkou, vin make yon etap tounèf nan boujonnan endistriyèl touris espasyal la._

Pwopilsè new Spead, avèk somè li yon kapsil ki pran kat (4) moun vole a 8è 11( 13h 11 GTM) nan sit izole ki chita kòl nan dezè oksidantal Texas, avèk yon pakèt minit reta parapò ak orè yo te prevwa vwayaje a.

Bò kote Jeff Bezos te gen frè li Marx , pyonnye avansyon an Wally Funk ki gen 82 lane sou tèt li ak premye kliyan peyan  » Blue Origin », yon Olandè ki gen 18 lane, Olivier Demen ki tou vini astwonot ki pi granmoun e pi jenn nan istwa.

Aprè kèlke minit an pezantè, kapsil la redesann an chit lib avan deplwaman twa (3) gwo parachit ak yon retwopwopilsè pou ateri delikatman nan dezè a aprè 10 anviwon 10 minit vòl.

Kat pasaje yo pa t gen anyen lè yo te soti. Se te gwo bravo lankontman ki te genyen, rapòte « France 24 ».

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:01net

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …