AYITI /KIDNAPIN:YON JOUNALIS AK 3 LÒT MOUN KIDNAPE NAN DAPTMAN LATIBONIT

Nèg ak zam kidnape Jounalis Frantz Paul ak 3 lòt moun ki te akonpanye li mèkredi 21 jiyè 2021 nan yon lokalite ki rele Tibradòm ki chita kòl ant Gwo mòm ak Basen ble, daprè radyo Metwonòm._

Kidnaping nan touche sektè laprès la nan depatman Latibonit apre nèg ak zam fin kidnape Jounalis Frantz Paul ak 3 lòt moun ki te akonpanye li nan lokalite Tibradòm.

Ravisè yo egzije 600 000 $ ameriken an echanj liberasyon moun yo  kidnape a.

Youn nan dènye mezi otorite yo te pran pou te lite kont kidnaping nan peyi a se te kesyon detente vit machin nan.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …