SEREMONI OMAJ POU ANSYEN PREZIDAN JOVENEL MOÏSE : MATHIAS PIERRE PA T KA KENBE DLO NAN JE LI

Yon seremoni omaj te reyalize nan mize panteyon nasyonal ayisyen an ( MUPANAH) lendi 20 jiyè 2021. Anpil otorite te fè deplasman an nan okazyon sa, e Mathias Pierre se te youn nan yo. Pandan seremoni an tap dewoule, ansyen minis delege bò kote premye minis la ki responsab pou diskite zafè elektoral ak relasyon pati politik yo pa te ka kenbe dlo nan je li._

Mathias Pierre kriye nan seremoni ki tap fèt MUPANAH pou rann omaj ak ansyen prezidan Jovenel Moïse ki te asasinen nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021.

Nan yon kout videyo kap sikile sou rezo sosyal yo, tout moun te ka wè jan je Mathias Pierre tap ponpe dlo. Nan yon premye tan, ansyen kandida pou pòs prezidan nan dènye eleksyon prezidansyèl yo te bese tèt li epi lap kriye.

Palaswuit, ansyen alye Moïse Jean Charles nan dènye eleksyon prezidansyèl yo tap kriye epi an menm tan li t ap siye vizaj li ak yon mouchwa ki te nan men li pandan li tap leve tèt li. Sou vizaj li, nan plas lajwa a se te latristès ki t ap pyafe.

Soti nan gouvènman Joseph Jouthe la pou rive sou gouvènman Claude Joseph la, Mathias Pierre se te minis delege bò kote premye minis an kesyon an ki te responsab pou diskite sou zafè elektoral ak relasyon avèk pati politik yo.

Sepandan, nan gouvènman Ariel Henry a ki enstale 20 jiyè 2021 an, anpil moun konstate anyen poko klè pou pòs Mathias Pierre a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …