AYITI/ FINERAY : YON MÈS CHANTE NAN MEMWA JOVENEL NAN KOMIN MIRAGWÀN

Yon mès  » Requierm » chante maten vandredi ven twa (23) jiyè 2021 an, nan legliz kokatedral Sen Janbatis Miragwàn, pandan okazyon fineray ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse kap selebre nan vil Okap.

Mès « requierm » sa a kite chante an prezans de (2) nan manm komisyon minisipal enterimè Miragwàn yo Anne Myriame Loiseau ak Mackens Joseph, vis delege awondisman Miragwàn lan Daniel Ponyon, direktè plizyè biwo depatmantal, ansyen depite sikonskripsyon Miragwàn Yvon Geste ak kèk militan, zanmi, senpatizan ansyen prezidan an.

Vis delege awondisman Miragwàn lan, Daniel Ponyon, montre tristès li pandan patisipasyon li nan dènye omaj ak ansyen chèf Leta. Li rete kwè rèv ak vizyon li yo ap kontinye.

Sou bò pa li, ansyen depite Yvon Geste, ki mande ak otorite lapolis ak lajistis pou fè kou yo konnen pou yo rann jistis ak fanmi,zanmi ansyen prezidan an e menm pèp la dwe konnen kiyès kite fè zak sa a.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …