» YO KONPLOTE KONT OU. YO ABANDONE W EPI YO TRAYI W « , PAWÒL MARTINE MOÏSE

Nan fineray Jovenel Moïse, ansyen premye dam repiblik la, Martine Moïse deklare vandredi 23 jiyè 2021 an yo konplote kont mari li, yo abandone li epi yo trayi li._

« Yo konplote kont ou. Yo abandone w epi yo trayi w. Asasen yo la. Yo ap gade nou. Yo ap koute nou. Nap gade yo dwat nan je e nap di yo : se ase », deklare Martine Moïse.

Daprè ansyen premye dam nan, Jovenel Moïse mouri akoz pwojè kouran 24/24 li te genyen an epi akoz tou volonte li te genyen pou li batay nan sousi pou defann moun ki pi mal yo.

Jovelein Moïse, pitit gason Jovenel Moïse fè konnen papa li se te yon moun ki te gen lanmou. » Papa m se te yon moun ki te gen lanmou, menm si li tap viv nan mitan mechan ; li te sensè malgre li tap viv nan mitan trèt ».

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …