AYITI/ASASINA: FINERAY MILITANT POLITIK MARIE ANTOINETTE CHANTE NAN SID PEYI A. DUCLAIRE

_Fineray Marie Antoinette Duclaire chante samdi 24 jiyè 2021 nan legliz sen jàn ki chita kòl nan komin Chantal._

Asasinen nan lannuit 29 jen 2021 nan kriswa, fineray militan politik la, Marie Antoinette Duclaire ( Netty) chante nan depatman Sid peyi a, nan komin Chantal.

Fèt 31 oktòb nan lane 1987, Marie Antoinette Duclaire tonbe anba bal nèg ak zam nan kriswa nan dat 29 jen 2021 ki sot pase a.

Sosyològ, Marie Antoinette Duclaire se te tou pòt pawòl estrikti sosyopolitik ki rele Matris Liberasyon an.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …