AYITI/ASASINA: SEKTÈ KI POTE NON SEKTÈ DEMOKRATIK E POPILÈ A SALYE DEPA MARIE ANTOINETTE DUCLAIRE

_ »Sektè demokratik e popilè a ap di w orevwa Marie Antoinette Duclaire, fanm vanyan », ekri sou kont twitè mèt André Michel, samdi 24 jiyè 2021._

Fineray Marie Antoinette Duclaire ki te asasinen nan lannuit 29 pou rive 30 jen ap chante samdi 24 jiyè a nan komin Chantal, depatman sidès.

Pòt pawòl sektè demokratik e popilè a, Mèt André Michel, nan sans sa pa rete endiferan. » Sektè demokratik e popilè a di w orevwa Marie Antoinette Duclaire, fanm vanyan. Zanmi nou. Sè nou », André Michel.

Opozan ak pouvwa PHTK a, mèt André Michel fè konnen gen yon delegasyon dirijan sektè demokratik e popilè a nan depatman sid k ap vin rann Netty Duclaire yon dènye omaj.

Avoka pèp la, pi lwen, regrèt Matisan vin jan l ye a.  » Si Jovenel Moïse ak gang li yo pa t kraze Matisan se tout dirijan Sektè a ki t ap vin akonpanye w », André Michel.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …