Apre manda komisè gouvènman an, Bed-Ford Claude mete dèyè li pou arete li nan kad ankèt k ap mennen sou asasina Jovenel Moïse la, chèf pakè Pòtoprens lan fè konnen jij Windelle Coq Thélot gen entèdiksyon pou pa kite peyi a._
Mèt Claude pa swete jij Windelle Coq Thélot fè wonn pòt san li pa mennen l devan lajistis. Daprè komisè gouvènman an, yo akize jij la prezonpsyon grav nan asasina ansyen prezidan repiblik Jovenel Moïse.
Bed-Ford Claude mande responsab imigrasyon ak emigrasyon pou pase tout enstriksyon pou anpeche madam Windelle Coq Thélot kite peyi a.
Kod penal ayisyen an e nan atik 240 la, daprè Bed-Ford Claude, pini akizasyon jij Windelle Coq Thélot gen sou do li yo.
Kominisè gouvènman Pòtopens lan, mèt Bed-Ford Claude, bò kote pa lap rapousib ankèt lap mennen sou dosye asasina Jovenel Moïse la.
kominisè gouvènman an, nan sans sa, mete yon manda « d’amener » dèyè jij Windelle Coq Thélot.
Asasina, « vol à main armée », se kèk akizasyon jij Windelle Coq Thélot gen sou dol nan manda kominisè gouvènman an lanse dèyè li.
Lapolis Nasyonal Dayiti bò kote l lanse yon avi rechèch dèyè jij la tou. » Asasina, « vol à main armée ak tantativ asasina », se 3 enfraksyon sa yo Lapolis Nasyonal Dayiti mansyone yo genyen nan afich avi rechèch yo genyen kont jij Windelle Coq Thélot a.
Jackson junior Rinvil