AYITI/ EDIKASYON:  » YON JOUNEN REYISI POU EGZAMEN KLAS TÈMINAL NAN DEPATMAN », DAPRÈ DEKLARASYON ODEL JOSEPH

Premye jounen egzamen klas filo ak nouvo segondè (NS4) yo, byen dewoule jounen lendi 26 jiyè 2021 an, daprè responsab yo nan direksyon depatmantal Nip ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl.

Direktè ministè a nan depatman Nip Odel Joseph, fè konnen se 3369 kandida nouvo segondè 4 (NS4), 319 kandida pou filo ak 183 kandida bak pèmanan ki bay yon total 3871 kap sibi egzamen yo nan 6 syèj ki gen nan 11 komin depatman Nip lan.

Direktè Odel Joseph, ki mande ak tout kandida yo pou kenbe menm konpòtman yo genyen nan premye jounen epi toujou respekte tout konsiy yo.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …