AYITI/ MOUVMAN : DIVÈS ÒGANIZASYON POLITIK ANONSE MACH POU DENONSE DEBAKMAN BLAN MERIKEN 28 JIYÈ 1915.

Plizyè òganizasyon sosyal ak politik ap pare yo pou plante pikèt yo mèkredi 28 jiyè 2021 an, pou denonse debakman blan meriken te fè sou tè peyi Ayiti 28 jiyè 1915 pou te vin okipe peyi a.

Dat 28 jiyè 2021 an, make 106 lane depi blan meriken te debake nan peyi a epi okipe peyi a, òganizasyon Alyans Pèp, ak Konbit ki kontinye denonse debakman blan meriken yo epi bay pinga pou blan pa rantre nan peyi a.

Sou bò pa li, manm ansanm òganizasyon politik sendikal Abel Loreston, ki envite popilasyon an pou patisipe ak yo demen nan mach sa a. Militan politik la ki kontinye ap denonse enjerans peyi Etazini nan zafè politik peyi a, mach sa a ki pral bout devan anbasad amerikèn daprè deklarasyon Abel Loreston.

Militan politik Fernando Duclair, kwè moman sa se ap okazyon pou salye memwa yon seri moun kite angaje yo nan peyi a tankou jounalis Diego Charles, Marie Antoinette Duclaire,Guerby Geffrad, Evelyne Sincère ak lòt ki mouri anba bal bandi, epi anonse yon konkou bat kastwòl pou mande jistis pou moun sa yo.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …