AYITI/ POLITIK : « MWEN PA REKONÈT NOUVO GOUVÈNMAN SA A », DEKLARASYON ANSYEN SENATÈ NENEL CASSy

Ansyen senatè depatman Nip Nenel Cassy, ki mande inite ak konsansis nan mitan klas politik la nan peyi a pou kapab rive rezoud kriz peyi a ap fè fas dènye jou sa yo.

Manm sektè demokratik ak popilè a, ki fè konnen li pa nan danse kole ak gouvènman premye minis doktè Ariel Henry a, ki se menm kontinite PHTK ki ap fèt nan peyi a, daprè ansyen palmantè Nip lan Nenel Cassy, ki mande ak tout aktè politik yo ak sosyete sivil la pou jwenn yon konsansis pou mete yon nouvo gouvènman sou pye.

Yon lòt bò, lidè opozan ak pouvwa PHTK ki mande ak bandi yo pou depoze zam yo, pou kite popilasyon an fonksyone ki gen plis pase 2 mwa depi yo pakab rantre nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan akoz gwoup gang ki bloke rantre Sid kapital la.

Ansye senatè Nenel Cassy, kondane zak asasinay ki fèt sou ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse epi mande ak lajistis pou fè kout ke pou jwenn moun ki fè krim sa a.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …