AYITI/ ASASINA: LAPOLIS AP CHACHE SÈT (7) MOUN SISPÈK NAN ASASINAY JOVENEL MOÏSE.

Lapolis Nasyonal Dayiti pibliye sou paj ofisyèl  » Facebook » li, lendi 26 jiyè 2021 an, yon lis sèt (7) moun y ap chache nan kad ankèt asasinay ansyen chèf Leta Jovenel Moïse.

Lapolis Nasyonal Dayiti gen sèt (7) moun li bezwen nan sa ki gen pou wè ak sa ki te pase nan pèleren 5, ant 6 ak 7 jiyè 2021.

Badio Joël Félix
Joseph John Joël
JAAR Rodolphe ( Dodolph)
DESIR Gordon Phenil
PALACIOS PALACIOS Mario Antonio
ASHKARD Pierre Joseph
Windelle Coq

Prezidan repiblik la te asasinen nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021 nan pèleren 5 lakay li swit ak atak ki te fèt sou fanmi prezidansyèl la.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …