LAPOLIS NASYONAL DAYITI AP FÈ TOUT SA LI KAPAB POU ANPECHE PREZIDAN JOVENEL JWENN JISTIS », PAWÒL MÈT SAMUEL MADISTIN

Mèt Samuel Madistin kritike fason otorite Lapolis Nasyonal Dayiti yo ap mennen ankèt sou lanmò ansyen chèf Leta Jovenel Moïse selon sa li fè konnen nan emisyon panel majik 9. Daprè defansè dwa moun nan, fason Lapolis ap mennen ankèt la se yon jan yo ap fè pou Jovenel Moïse pa jwenn jistis._

« Kòd enstriksyon kriminèl defini règ yo nan sa ki pou wè ak pwosè kriminèl. Li defini plizyè etap. Gen etap envestigasyon polisyè, gen etap pouswit avèk komisè gouvènman an, gen etap jiridiksyon enstriksyon ak etap jiridiksyon jijman », deklarasyon Samuel Madistin.

Daprè defansè dwa moun nan, lalwa defini chak etap yo ak nan ki delè kisa moun yo dwe fè ak kisa yo pa dwe fè. » Lapolis pa kapab arete yon pakèt sitwayen pandan 15 ak 20 jou epi li kenbe dosye yo nan men yo li pa remèt lajistis yo. Lapolis pa ka arete sitwayen yo epi menm avoka  yo pa ka jwenn », denonse mèt Samuel Madistin.

Ansyen kandida pou pòs prezidan an kritike otorite Lapolis yo ki pase ant 7 ak 8è tan ap odisyone moun yo epi yo pa kite yo wè avoka yo.

« Lapolis Nasyonal Dayiti ap fè yon pakèt bagay ki pou fè ankèt la pèdi sans. Léon Charles pa gen dwa pou li afranchi pèsòn nan ankèt la. Léon Charles pa gen otorite sa », daprè mèt Madistin.

Pi lwen defansè dwa moun pa te konprann atitid chèf Lapolis la lè jounal kolonbyen an Noticias Caracol te fè revelasyon sou Claude Joseph la. « Ou te dwe al mennen ankèt, men se pa ak ou menm pou te di moun pa ladann », kwè Samuel Madistin.

« Se pa ankèt Lapolis Nasyonal Dayiti ap fè la, men se dezòd. Dezòd sa yo ap gen konsekans sou ankèt la », selon mèt Madistin.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …