* »PATI PLANSPA MANDE POU LETA AYISYEN FÈ KAY PREZIDAN AN TE ASASINEN AN VIN YON LYE DE MEMWA », DEKLARASYON DIEUDONNÉ LHERISSON*

Lidè platfòm nasyonal sektè popilè ayisyen an ( PLANSPA), Dieudonné Lherisson mande pou Leta ayisyen fè kay kote Jovenel Moïse te mouri a vin tounen yon lye de memwa._

« Pati PLANSPA mande otorite ki konsène nan Leta a tankou responsab ISPAN yo pou yo pran tout dispozisyon k ap pèmèt kay kote yo te asasinen prezidan Jovenel Moïse la vin yon lye de memwa », deklarasyon Dieudonné Lherisson nan yon konferans pou laprès pati Planspa te bay jounen jedi 29 jiyè 2021.

Responsab pati politik Planspa a kwè yon desizyon konsa ap yon bon bagay pou jenès peyi a. » Pou tout jenerasyon k ap vini yo kapab konnen se nan espas sa yo te asasinen yon prezidan ki t ap defann koz pèp la » esplike Dieudonné Lherisson.

« Pati Planspa mande pou ti bòt Jon ki te konn nan pye Jovenel Moïse la, chemiz li yo, abako ki te sou li yo ak plim li te konn siyen yo pou tout objè sa yo ekspoze nan lye memwa sa, ki vle di kote yo te asasinen li lakay li nan pèleren 5″, esplike mesye Lherisson. » Sa vle di a klè Pati Planspa mande Leta ayisyen a travè ISPAN pou yo patrimyonalize kay kriminèl yo te asasinen Jovenel Moïse la », kontinye Dieudonné Lherisson.

Yon lòt kote, lidè pati politik Planspa a, nan sousi pou kriz politik la rezoud anndan peyi a plede pou yon akò politik kote tout moun ladann tankou aktè politik, ekonomik, sosyete sivil ak yon pakèt lòt sektè ankò.

« Akò politik sa dwe pèmèt peyi a gen nan tèt li yon gouvènman ki dwe enspire plis konfyans », swete Dieudonné Lherisson.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …