AYITI/ POLITIK: PALÈ NASYONAL MANDE TOUt ANPLWAYE JOVENEL MOÏSE YO POU REMÈT MATERYÈL KI NAN MEN YO.

Nan yon kominike sekretarya palè Nasyonal mete deyò, mande ak anplwaye ki tap kolabore ak ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse pou remèt byen enstitisyon an ki pap fonksyone depi aprè asasina ansyen chèf Leta nan lannwit 6 pou louvri 7 jiyè 2021 an, lakay li nan Pèleren 5.

Sekretè jeneral Laprezidans lan, Lyonel Valbrun, ki enfòme ak tout manb kabinè ansyen chèf Leta gen gwo dispozisyon ki pran pou fè envantè byen ak materyèl nan Palè Nasyonal.

Sekretè jeneral Laprezidans lan, Lyonel Valbrun, ki raple ak anplwaye yo 16 Dawout 2021 an, se dènye dat pou remèt materyèl sa yo si sa pa fèt lalwa pral aplike kont yo.

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …