AYITI POLITIK : PLAPFÒM POLITIK PITIT PEYIZAN KONDANE ZAK ASASINAY BANDI SAN FWA NI LWA FÈ SOU PREZIDAN JOVENEL MOÏSE LA

Nan yon konferans platfòm politik pitit peyizan ( PLAPPP) fè jedi 29 jiyè 2021 an kondane ak tout fòs li zak ansasinay bandi san fwa ni lwa fè sou prezidan Jovenel Moïse nan rezidans prive li nan pèleren 5 nan lannuit 6 pou louvri 7 jiyè 2021.

PLAPPP di li konstate chak fwa pwoblèm sosyo politik sa yo prezante nan peyi a vin gen plis pwoblèm pou moun achte nan peyi a, Yon lòt kote, li mande ak premye minis Ariel Henry pou chita ak tout fòs viv ak tout moun nan dyaspora a nan lide pou chwazi Yon prezidan pwovizyon ki pou mete ak premye minis lan pou ka charye revandikasyon mas pèp la.

Platfòm politik pitit peyizan an pwofite pou li mande ak tout pitit peyi a pou nou fè yon chita pale nan lide pou nou ka jwenn yon solisyon nan kriz kap wonje tisi sosyal peyi a ann mete tèt ansanm paske tèt ansanm se marasa ak solisyon.

Sekretè jeneral PLAPPP la kontinye pou chèf CSPN l’an ak pi gwo eta majò lame a pou yo mete tèt yo ansanm pou yo mete sekirite nan tout peyi a pou tout pitit peyi a ka fonksyone nan peyi a jan yo vle lè yo vle.

Platfòm politik lan souliye gen 4 minis ki te nan gouvènman ki te pase a li rekondwi yo ankò estrikti politik la fè konnen 4 minis sa yo pat regle anyen nan tèt ministè sa yo, plappp ap mande ak premye minis Ariel Henry pou li mete 4 ansyen minis sa yo atè prese prese pou pita pa pi tris.

Ronald Exavier.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …