AYITI/CEP:KONSÈY ELEKTORAL PWOVIZWA A METE YON BOUT NAN ANREJISTREMAN PATI POLITIK YO.

Anviwon sanswasantdis (170) pati politik ak regwoupman politik enskri nan pwosesis anrejistreman konsèy elektoral la nan lide pou patisipe nan pwochèn eleksyon ki gen pou fèt nan peyi a. Deklare Madam Guylande Mésadieu prezidant entitisyon elektoral la maten lendi 2 out 2021 an.

Daprè Madam Mésadieu, peyi a paka nan rete ap tann pati politik ki poko vin enskri swadizan yo di se yo menm ki pi gwo pati politik prezidant KEP a kontinye pou li di pa gen gwo pati pa gen ti pati yo tout gen menm valè pou konsèy elektoral pwovizwa a.

Nap raple gen yon asanm pati politik tankou pitit Desalin, fanmi Lavalas sektè popilè ak demokritik la epi OPL poun site sa yo sèlman yo te konteste KEP sa jiskaprezan yo ap mande pou enstitisyon sa kraze paske li fèt dèyè do lalwa, poutan se men konsèy elektoral pwovizwa sa kap pran desizyon pou òganize eleksyon nan peyi a.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …