AYITI/POLITIK:RANKONT ANT SEKTÈ DEMOKRATIK E POPILÈ A AK PREMYE MINIS ARIEL HENRY

Sektè demokratik e popilè a ap mete tout pwal nan balans lan nan sousi pou gen yon akò politik ki enkli tout moun. Nan sans sa, sektè demokratik e popilè a, nan yon kominike pou laprès ki soti 2 dawou 2021 an, fè konnen yo ap gen pou rankontre doktè Ariel Henry nan apremidi nan menm jounen 2 dawou 2021._

« Lendi 2 dawou a, nan kad poupale nesesè k ap fèt nan lide pou abouti ak konklizyon yon akò politik ki endispensab pou estabilite peyi a, sektè demokratik e popilè a pral rankontre doktè Ariel Henry, okipan primati a », li nan kominike pou laprès la.

Sektè demokratik e popilè a,fè konnen yon lòt fwa ankò, li p ap rekonèt okenn gouvènman pazavan siyati akò politik lajman laj la. « Pou sektè demokratik e popilè a, vid politik e enstitisyonèl asasina Jovenel Moïse la kite a ekziste toujou e li dire twòp », daprè sa ki fè konnen nan kominike a.

« Peyi a toujou san prezidan, san premye minis. Sektè demokratik e popilè toujou rete atache ak batay fondamantal yo tankou : reyalizasyon pwosè petwo karibe, pwosè pakèt Deta ki fèt nan katye popilè yo( Lasalin, Bèlè, Site Solèy, Dèlma 32), liberasyon prizonye politik yo, konferans nasyonal, dezameman gwoup ki gen zam nan men yo ak mete yon egzektif bisefal epi entegrasyon dyaspora », raple sektè demokratik e popilè a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …