AYITI/ANVIWONMAN: MINIS ANVIWONMAN AN RANKONTRE AK ANBASADÈ REPIBLIK CHIN TAYWAN AN AYTI A.

_Minis anviwonman an, M. Cadet Jean rankontre anbasadè Chin Taywan an Ayiti a, M. Wen-Jiann Ku nan dat 31 jiyè 2021 an._

Rankont sa fèt, daprè biwo kominikasyon ministè a nan objektif pou M. Cadet Jean gen yon lide sou koze koperasyon an matyè anviwonmantal ant ministè anviwonman ak patnè teknik e finansye yo.

 » Pandan rankont sa, mesye CADET ak mesye KU evalye ansanm yon pakèt pwojè ki nan wout pou yo fini, notamman pwojè ponpaj dlo ak enèji solè. Gen anpil lòt pis enpòtan yo eksplore nan pwojè ministè anviwonman an genyen », daprè sa ki ekri nan afich ki sou paj ministè anviwonman an.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …