AYITI/POLITIK: PREMYE MINIS ARIEL HENRY RANKONTRE AK KONSEYE KOU SIPERYÈ DÈKONT YO E KONTANSYE ADMINISTRATIF (CSC/ CA) YO

_Premye minis Ariel Henry rankontre jounen lendi 2 dawout 2021 an konseye kou dèkont ak kontansye administratif yo, daprè yon nòt laprimati mete deyò._

« Premye minis Ariel Henry reyalize yon bon seyans travay avèk konseye kou dèkont ak kontansye administratif yo sou yon pakèt pwen esansyèl nan kad misyon administratif ak tenik lakou a genyen », ekri nan nòt la.

Vizit chèf primati a fè nan lakou dèkont ak kontansye administratif la « se te okazyon pou li fè konnen akò rankont sa li tradui detèminasyon ekip gouvènmantal li a genyen pou yo respekte lalwa ak avi lakou dèkont ak kontansye administratif ap gen pou mete deyò ».

Pandan vizit sa, « doktè Ariel Henry pwofite okazyon an pou li remèsye nan laprès konseye kou dèkont ak kontansye administratif paske yo rive kenbe enstitisyon endependan sa nan yon bon eta ».

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …