AYITI/SANTE: KANPAY VAKSINASYON KONT KOWONAVIRIS LA DEMARE NAN DEPATMAN NIP.

Kanpay vaksinasyon kont maladi kowonaviris la lanse jounen lendi 2 dawout 2021 an, nan lopital Senterèz komin Miragwàn daprè konsta Echo Jounal.

Responsab depatmantal Nip vaksinasyon an, enfimyè Exan Nerline, fè konnen gen pou pi piti yon dizèn moun ki deja resevwa premye dòz vaksen « Moderna » jounen lendi 2 dawout la. Enfimyè a ki prezante pwosesis vaksinasyon an ki se pase nan biwo akèy ki nan sit vaksinasyon an, answit biwo kominikasyon pou rekeyi enfòmasyon sou moun ki vle vaksinen an, epi ale nan biwo anrejistreman kote moun ki deside vaksinen an ap reponn yon seri kesyon ak siyen pwotokòl konsantman vaksen an, daprè esplikasyon responsab vaksinasyon an Exan Nerline.

Kèk nan pasyan ki resevwa vaksen kont maladi kowonaviris la, montre kontantman yo pou premye dòz vaksen an. Pandan, yo kwè li ta enpòtan pou tout moun resevwa vaksen an pou kapab pwoteje tèt yo kont maladi kowonaviris la.

Nou ap raple, nan yon entèvyou direktè depatmantal sanitè nip lan Jacques Laroche, te bay ak Echo Jounal, presize gen sèlman 1000 dòz vaksen « Moderna » ki disponib pou 11 komin depatman Nip lan.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …