AYITI/ ASASINA: DEFANSÈ DWA MOUN PIERRE ESPERANCE FÈ GWO REVELASYON NAN DOSYE ASASINA JOVENEL MOÏSE

Direktè egzekitif rezo nasyonal kap defann dwa moun (RNDDH), Pierre Esperance, bay plizyè lòt enfòmasyon nan kad dosye asasinay ansyen chèf Leta Jovenel Moïse lakay li nan Pèleren 5 nan lannwit 6 pou louvri 7 jiyè 2021 an.

Direktè egzekitif (RNDDH) la, Pierre Esperance, ki te envite maten mèkredi 4 dawout la sou antèn « Radio Vision 2000″ ak Valery Numa. Pierre Esperance ki deklare antreprenè Samy Handal, ki gen manda rale mennen vini dèyè li se te lakay li yo te arete Pastè Emanuel Sanon, ki sispèk nan asasinay ansyen Chèf Leta, epi yo te kondwi ak yon gwo eskòt lapolis te mennen li  nan ayewopò poul kite peyi a, epi yo mete manda dèyè li sa Pierre Esperance Kalifye kòm yon simagri.

Pilwen, defansè dwa moun lan ki revele aprè ansyen premye dam lan te retounen nan peyi a, li te ale nan kay kote zak la te fèt la nan Pèleren 5, li te gen ak li jij pou lapè, komisè gouvènman pòtoprens lan, ak minis jistis la mèt Rock Feller Vincent. Selon Pierre Esperance, Madanm Martine te mande ak minis jistis la kilè y ap fouke Joseph Felix Badio? Minis lan te reponn yo fè vwayaj lakay li yo pat jwenn li.

Pierre Esperance, ki revele lapolis te jwenn lajan nan men mèsenè kolonbyen yo te touye yo ki evalye ak 40 mil dola ameriken ak 116 mil goud.  » yo te jwenn yon sak lajan nan men kolonbyen yo, ki pat evalye, men sak la te sanble ak ti sak BRH yo, selon konsta kadav la, ansyen prezidan Jovenel Moïse te gen 15 tou bal se pat 12, epi li presize tout mak yo se sèlman tou bal pat gen lòt materyèl », selon esplikasyon Pierre Esperance nan mikwo Valery Numa.

Direktè egzekitif RNDDH la, ki presize ansyen chèf Leta te twouve li nan gwo touman akoz li pa te gen twòp konfyans nan antouraj li e menm te konn voye kotèj li desann nan palè nasyonal san ke li pa ale li menm.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …