GOUVÈNMAN ANONSE MEZI KI DWE ADOPTE POU LITE KONT RETOU FYÈV « PORCINE » AFRIKEN AN NAN PEYI DAYITI

Nan yon kominike laprimati mete deyò mèkredi 3 dawout 2021 an ,li fè konnen premye minis Ariel Henry te dirije yon reyinyon wo nivo ak manm gouvènman li yo epi ak ekspè nan sante animal. Objektif reyinyon sa se pou adopte mezi adekwa nan sousi pou evite fyèv porcine Afriken an retounen an Ayiti_ .

« Konsyan de risk eleve ki genyen parapò ak yon evantyèl rekontaminasyon fyèv porcine nan sou teritwa nasyonal la e ki dega sa ka koze, premye minis Ariel Henry kwè li ijan pou mobilize tout resous nesesè pou li gen yon kontwòl sistematik e nesesè sou tout pwen fontalye Ayiti pataje ak Sendomeng yo », ekri nan kominike a.

Leta ayisyen gen entansyon pou li ogmante plan kontenjans li yo epi solisite apui teknik espesyalis entènasyonal yo, daprè sa kominike a fè konnen.

Selon kominike a, anba lòd primati a, gen yon komisyon entèministeryèl avèk yon pakèt ministè kle tankou : ministè agrikilti, komès, kolektivite teritoryal, jistis ak sekirite piblik, afe etranje epi finans ak kominikasyon ki mete sou pye nan lide pou pran bon jan mezi pou sityasyon ekonomik la pa agrave dotanplis plis gen yon bon pati nan popilasyon an se bèt li ki prensipal aktivite ekonomik li.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto:wikidictionaire

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …