AYITI /ULCC: DIREKSYON JENERAL  INITE KI LA POU LITE KONT KORIPSYON (ULCC) REMÈT AK KOMISÈ GOUVÈNMAN 10 RAPÒ ANKÈT.

« Mwen pran desizyon pou m rann piblik epi aksesib  rezime egzekitif tout rapò ankèt yo jounen jodi a bay otorite pousuit yo », deklare Hans Jacques Ludwing Joseph, direktè ULCC nan kad yon konferans pou laprès li tap bay nan tèt kole ak minis jistis ak sekirite piblik la mèkredi 4 dawout 2021 an.

Direksyon jeneral ki la pou lite kont koripsyon remèt ak komisè gouvènman  10 rapò ankèt nan jounen 4 dawout an devan minis jistis lan mèt Rockfeller Vincent.

Daprè Hans Jacques Ludwing Joseph, an matyè koripsyon, lajistis dwe defann enterè Leta ayisyen. « Nou ap tann desizyon lajistis ap gen pou pran yo san enpasyalite. Sa k ap bay plis ekla epi serye ak travay nou an se pou mezi sanksyonatris yo pran kont moun ki ta dwe bay egzanp yo epi se yo k ap vyole lalwa », pawòl direktè ULCC a.

Minis jistis ak sekirite piblik la, bò kote pa li ,remèsye direktè ULCC a pou rapò sa li rive reyalize a sou yon pakèt dosye koripsyon ki enpòtan pou repiblik Dayiti.

 » Minis jistis ak sekirite piblik mwen  ye an, mwen pran  remiz solanèl rapò ankèt sa yo.  » Batay kap mennen kont koripsyon an p ap janm nan okenn sans yon fòm pèsekisyon politik okontrè, li se yon devwa moral kote nou tout konsène », Rockfeller Vincent

Yon lòt kote, Rockfeller Vincent mande otorite Lajistis yo pou pran kouraj yo ak debwa pou bay suit ak ansanm rapò ankèt ULCC mete deyò sou koripsyon an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …