LEMOND/ AKSIDAN: POU PI PITI 10 MOUN MOURI NAN YON AKSIDAN NAN ETA « TEXAS » TOU PRÈ FONTYÈ MEKSIK

Pou pi piti 10 moun mouri nan yon aksidan kamyonèt nan eta « Texas » tou prè fontyè Etazini ak Meksik nan lannwit mèkredi 4 dawout la a, selon premye eleman enfòmasyon yo.

Kamyonèt sa ki tap transpòte yon trantèn moun an katimi, sanble tèt koupe ak migran ki tap tante rantre nan peyi Etazini dèyè do lalwa, daprè pòt pawòl depatman sekirite piblik oto « Texas » la, Nathan Brandley.

Responsab otorite lokal  » Texas » yo, fè konnen yo pral ankete sou aksidan sa ki fèt tou prè vil  » Falfurrias » kèlke kilomèt ak fontyè Meksik.  » chofè a ak 9 lòt pasaje mouri sou plas », selon presizyon otorite lokal nan eta « Texas ».

Nou ap fè remake, nan mwa mas 2021 an, yon gwo aksidan te fèt nan eta  » Californie » kote yon pwa lou ak yon lòt ti machin te lakoz 13 moun mouri.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …