SENEGAL/BAKALOREYA/ZEN : YON GASON DEGIZE AN FANM POU LI PASE EGZAMEN BAKALOREYA NAN PLAS MENNAJ LI

_Tribinal Diourbel ki chita kò li nan sant peyi senegal, ap gen pou jije yon jenn gason senegalè ak mennaj li jedi 5 dawout la pou fwod nan egzamen epi konplisite. Yo akize jenn gason an ki abiye an fanm pou li te ka pase bakaloreya nan plas mennaj li._

Lanmou avèg pou moun kap viv li, daprè dikton an. E se sa ki rive jenn gason senegalè a. Men sependan, sa pa rive sou egzaminatè bakaloreya senegalè yo. Yo bare yon etidyan ki ap triche, nan non lanmou, nan twazyèm jou eprèv bakaloreya yo.

Abiye ak yon wòb wouj, epi yon vwal fanm, jenn gason an pase egzamen an nan plas mennaj li. Nan twazyèm jou eprèv bakaloreya yo, responsab bakaloreya yo nan sant egzamen an remake gen yon bagay ki louch parapò ak fason jenn gason an abiye a epi yo rele Lapolis.

Lapolis vini, yo mete li anba kòd. Yo mete li nan gadavi li menm ak mennaj li. Yo pase 2 jou nan gadavi, rapòte Le Figaro étudiant

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …