AYITI/ ENSEKIRITE : MATISAN TOUNEN LABATWA TÈLMAN MOUN MOURI.

Depi plis pase 2 mwa, depi se moun brav k ap frekante rantre Sid kapital la zòn Matisan kote bandi ak gwo zam achte zòn lan san peye nan men popilasyon ak otorite yo ki paka fè anyen devan aksyon bandi yo.

Jounen jedi 5 dawout 2021 an,  yon jounen lanfè pou moun ki t ap frekante zòn Matisan, bandi ki pran kontwòl Matisan simen bal sou moun ki t ap pase lakoz 2 moun mouri ak plizyè lòt blese, daprè sa kèk nan viktim yo esplike. Bandi yo pou bon plezi rale zam yo simen latwoublay anba je otorite lapolis, lajistis ak manm nan gouvènman ki parèt bèbè yon konpòtman kèk sitwayen denonse lakay otorite nan Leta.

N ap raple, bandi ak zam ki pran kontwòl Matisan depi plis pase 2 mwa fè gwo dega kote yo boule kay, boule moun tou vivan ak touye moun pou bon plezi, fas ak sitiyasyon van lanmò ki tabli katye l nan Matisan sitwayen yo mande èske gen moun k ap dirije peyi sa toujou ?

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …