DOSYE JOVENEL MOÏSE :DAPRÈ RESPONSAB KONPAYI SEKIRITE KI TE ANBOCHE MÈSENÈ YO, JOVENEL MOÏSE TE GENTAN MOURI DEPI ANVAN MÈSENÈ YO TE RIVE

Responsab konpayi sekirite « CTU SECURITE » baze nan peyi Etazini, patiklyèman nan vil Florid e ki te anboche mèsenè yo, fè konnen Jovenel Moïse te gentan mouri depi anvan mèsenè kolonbyen yo te rive nan rezidans prezidansyèl la.

Nouvo rebondisman nan dosye asasina Jovenel Moïse la. Nan yon atik ki pibliye nan jounal ameriken The wall streat journal 5 dawout 2021 an, 3 avoka ki te ap defann konpayi sekirite « CTU SECURITE » fè konnen mèsenè kolonbyen yo se akonpanye yo te akonpanye Lapolis pou te al egzekite yon manda yo te genyen pou te arete Jovenel Moïse.

« Misyon an se pa te pou touye chèf Leta », deklare Antonio Intriago, responsab konpayi sekirite CTU SECURITE nan the wall streat Journal. » Prezidan an te gentan mouri lè mèsenè kolonbyen yo te rive nan kay la », revele Antonio Intriago.

Avoka konpayi a, bò kote pa yo, kwè se pwòp ajan sekirite ansyen prezidan repiblik la, Jovenel Moïse ki trayi li.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …