LEMOND/ESPÒ: MESSI NAN PSG ? ANPIL FANATIK GENTAN FÈ DEPLASMAN AN POU AL TANN SISPÈSTA AJANTEN AN NAN « PARC DES PRINCES ».

Istwa Messi ak klèb fòmatè li, kote li pase anviwon 17 lane ap jwe rive nan bout li. Barcelone pa chwazi renouvle kontra li te gen ak ansyen nimewo 10 li a. Depi lè a, laprès espòtif nan peyi Espay ak Lafrans pa sispann anonse Messi nan PSG, kote bon zanmi li Neymar ap jwe.

Daprè laprès nan peyi Lafrans, Messi te dwe rive Lafrans depi dimanch 8 dawout 2021 nan apremidi pou li te vin finalize kontra li ak PSG epi pase tradisyonèl vizit medikal apre sa pou dirijan yo te prezante li bay fanatik yo.

Nan dènye minit, daprè laprès espanyòl, Messi ap fin finalize kontra li ak PSG nan vil Barcelone pito. Yon sityasyon ki deranje anpil fanatik PSG paske, gen yon pòsyon ki te gentan al tann ansyen Balondò Ajanten nan sant antredman klèb parizyen an, gen yon lòt ki te al tann Messi nan ayopò a.

Dènye enfòmasyon yo fè konnen Messi ta dwe rive nan vil Pari madi 10 dawout 2021.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …