AYITI/SEKIRITE: LAPOLIS ANONSE YO REPRANN KOMISARYA MATISAN AN.

BOID AK CIMO se 2 inite sa yo ki afekte nan Lapolis Nasyonal Dayiti ki repran kontwòl komisarya Matisan an depi jedi 5 dawout 2021, daprè yon mesaj @PNHofficiel pibliye sou paj fesbouk enstitisyon Lapolis la.

Nan mesaj sa, Lapolis Nasyonal Dayiti fè konnen gen twa blennde ki ap siyonnen wout prensipal rantre sid kapital la nan sousi pou fasilite repriz sikilasyon an ki pètibe depi plizyè semèn.

« Lapolis Nasyonal Dayiti kontinye asire yon prezans aktiv nan zòn nan e an menm ap mande medya yo ak popilasyon an pou yo fè atansyon ak rimè ki fè kwè Lapolis abandone komisarya matisan an dimanch 8 dawout la » , li nan mesaj la.

Lapolis Nasyonal Dayiti fè konnen li detèmine pou li kontinye mobilize tout resous li nan katye Matisan an pou kapab gen yon bon klima epi pou popilasyon an kapab ak nan aktivite li san kè sote.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …