Maladi kowonaviris la, kontinye ap taye banda nan mond lan sitou nan peyi Iran. Nan kad yon kominike otorite sanitè Iran yo mete deyò, fè konnen yo anrejistre 542 mò ak maladi kowonaviris la nan yon sèl jou epi 36 619 nouvo ka maladi a.
Selon otorite sanitè yo, lanmò 542 moun ak maladi kowonaviris la vini pigwo rekò depi dezyèm vag maladi kowonaviris la, pou kounye a maladi kowonaviris la deja touye 94 015 moun epi 4 158 729 moun ki enfekte ak maladi kowonaviris la, selon presizyon ministè sante Iran.
Fas ak remonte maladi kowonaviris la, gid siprèm, l’ayatollah Ali Khamenei, ki òdone responsab sanitè yo pou pran bonjan mezi nesesè pou evite pwopagasyon viris la.
Echo Jounal