AYITI/JISTIS : LIBERASYON DJENICKA HIJA PHILIPPE

Lajistis libere Djenicka Hija Philippe, madi 10 dawout 2021, sèl grenn moun ki te rete nan prizon pami 18 moun ki te akize nan konplo koudeta kont ansyen prezidan Jovenel Moïse la nan dat 7 fevriye 2021 .

Alòske tout lòt 18 moun yo te gentan libere, sèl Djenicka Hija Philippe ki te trouve li nan prizon sivil Kwadèboukè a. Jenn fanm 22 lane a, aprè 7 mwa li pase nan prizon, jwenn liberasyon li madi 10 dawout la.

Lajistis ayisyen te prèske bliye jenn fanm nan nan prizon, alòske tout lòt moun ki te akize nan konplo koudeta kont ansyen patwon agritans lan te gentan libere.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …