AYITI /ASASINAY : JAMES SOLAGE AK JOSEPH VINCENT FÈ GWO DEKLARASYON SOU ASASINAY PREZIDAN JOVENEL MOÏSE LA.

Selon enfòmasyon sal nouvèl Echojounal genyen James Solage ak Joseph Vincent deklare bay Direksyon santral polis jidisyè (DCPJ), mesye yo fè konnen Aguel Civil ki te kwòdontè sekirite prezidan an te gen nan men li 80 mil dola ameriken pou li peye sekirite ki te nan lakou prezidan an jou swa yo tap touye li a.

Yon lòt kote, selon yon sous nou fè anpil konfyans, DCPJ ale nan relve apèl sou telefòn prezime kriminèl Civil la yo jwenn kwòdonatè sekirite chèf leta a pale plizyè fwa avèk Joseph Felix Badio, anvan krim lan, aprè krim lan.

Ronald Exavier

Kredi foto:meaww.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …