LEMOND/ESPÒ : MESSI PRAL JWE NAN EKIP  » PARIS SAINT -GERMAIN ».

Ansyen jwè ekip Baselòn lan, Lionel Messi, siyen jounen madi dis (10) dawout 2021 an ak klèb fransè  » Paris Saint- Germain », selon yon twit ekip la fè sou kont Twitè li.

 » dezòmè Lionel Messi se parizyen. Atakan ajanten an fèk sot siyen kontra », se sa nou kapab li sou kont twitè ofisyèl ekip « Paris Saint -Germain » an. Pilwen, responsab yo fè konnen Lionel Messi ta dwe prezante nan konferans pou laprès demen aprè midi nan lè senkè (5è).

N ap raple, Lionel Messi pase disèt (17) lane ap jwe nan chanpyona liga espanyòl la, sa ki lakoz klèb  » Paris Saint- Germain » vini dezyèm esperyans meyè jwè mond lan aprè plizyè ane.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …