AYITI/POLITIK: PLATFÒM POLITIK REPONS PEYIZAN BAT BRAVO LA KONTANTMAN POU MINIS ENTERYÈ AK KOLEKTIVITE TÈRITORYAL YO.

Nan yon konferans pou laprès platfòm politik repons peyizan fè jedi 12 dawout 2021 an, yo bat bravo la kontantman pou minis enteryè ak kolektivite yo pou gwo desizyon li pran anfavè meri yo, kazèk, azèk ak delege de vil yo. Kote Minis lan deside peye yo plis pase 15 mwa travay.

Pilwen, PPRP fè konnen se Yon bèl jès minis lan fè lè li pran bon jan inisyativ sa pou li peye dèt li vin jwenn ministè a dwe, nan sans sa se yon fason pou lòt minis kap vin ranplase li a pa jwenn dèt.

Platfòm lan pwofite okazyon an pou li mande Premye minis Ariel Henry pou li pran tout responsabilite li, pou li bay Prezidan Jovenel Moïse jistis, pilwen, li mande lokatè primati a pou li pase men nan konsèy elektoral pwovizwa a paske twòp sektè konteste KEP sa, nan lide pou li ka òganize bon jan eleksyon onèt, transparans ak demokritik.

Ronald Exavier.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …