AYITI/ SOSYETE : YON GWOUP JÈN RESEVWA FÒMASYON SOU ANTREPRENARYA AK PWOSESIS LEGALIZASYON ANTREPRIZ NAN OKAZYON JOUNEN ENTÈNASYONAL JÈN YO.

Sou inisyativ sant ayisyen lidèchip ak ekselans ki gen sig nan lang fransè (CLE), ki gen reprezantasyon li nan depatman Nip òganize jounen 12 dawout 2021 an, yon jounen fòmasyon sou antreprenarya ak pwosesis legalizasyon antrepriz yo ki te gen kòm entèvenan ekonomis Nicolson Jean Georges ak avoka Blondy Siguino.

Reprezantan depatmantal Nip sant ayisyen lidèchip ak ekselans (CLE), Dieuva Occidor, fè konnen jounen fòmasyon sa fèt gras ak biwo santral atravè li menm ki reprezante yo nan depatman an, kote jèn yo te chwazi make jounen entènasyonal jèn yo ki selebre chak 12 dawout ak yon fòmasyon.

Pi fò nan jèn ki patisipe yo ki gen biznis pat kache satisfaksyon yo pou jounen fòmasyon sa. Pandan, yo fè konnen yo pral pataje nan mitan òganizasyon ak kominote yo te reprezante yo.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …