Sektè ki rele demokratik ak popilè (SDP) a, pa twò byen wè nouvo kalandriye konsèy elektoral pwovizwa mete deyò ki fikse premye tou eleksyon yo pou 7 Novanm 2021 an, yon dat ki pa klè pou sektè demokratik la.
Pòt pawòl sektè demokratik la, mèt Andre Michel, fè konnen konsèy elektoral pwovizwa ak tout manm gouvènman doktè Ariel Henry a, ilegal e ilejitim. Òm la lwa, plede anfavè yon akò politik pou retire peyi a nan sa li ye jounen jodi a.
Pou fini, mèt Andre Michel, fè remak divèjans ki gen sou chwa yon prezidan se paske aktè yo poko kapab rive atann yo sou chwa yon moun pou dirije tranzisyon an.