ESPÒ/TRANSFÈ: ROMELU LUKAKU SIYEN AK EKIP CHELSEA A.

Chelsea anonse siyati Romelu Lukaku nan ekip la. Atakan ekip Bèljik la kite klèb milanè a pou li angaje li pou 5 lane nan ak Chelsea.

Meyè bitè seleksyon Bèljik la (61 gòl pou 95 match jwe) siyen yon kontra ak Chelsea ki ap bout nan lane 2026. Klèb londonyen an anonse siyati jwè a jedi 12 dawout 2021 an nan yon videyo ki poste sou rezo sosyal yo.

Ekip Chelsea a ta dwe bay « Inter » 115 M€ pou li gen sèvis Romelu Lukaku. Atakan 28 lane a te deja fè yon pase nan ekip Chelsea a nan lane 2011 pou rive 2014 kote li te jwe sèlman 15 match.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …