MBAPPÉ FINALMAN REYAJI SOU DOSYE TRANSFÈ MESSI NAN PSG A.

Entènasyonal fransè a, Kylian Mbappe, se te youn nan jwè jiska mèkredi 11 dawout 2021 an ki potko reyaji sou ofisyalizasyon transfè Messi a nan ekip PSG.

Atakan klèb kapital peyi Lafrans la reyaji finalman. Kylian Mbappé poste yon mesaj sou kont enstagram li jedi 12 dawout 2021 an nan sousi pou swete byenvini ak ajanten an.

« Welcome to Paris », ekri Kylian sou kont enstagram li nan objektif pou swete byenvini ak Lionel Messi nan ekip PSG a.

Apa mesaj sa, atakan fransè a fè lòt kòmantè sou story enstagram li nan lide pou fè elòj ansyen jwè klèb Katalan an. Li poste yon foto li menm ak Messi nan sant antredman PSG a kote li gen yon kouwòn epi li ekri « Legend ».

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …