AYITI/ EDIKASYON : POU PI PITI 800 ANSEYAN RESEVWA CHÈK 8 MWA ARYERE SALÈ 2019 NAN DEPATMAN NIP.

Direksyon depatmantal Nip ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl ki gen sig nan lang fransè (MENFP), remèt jounen vandredi 12 dawout 2021 848 chèk ak anseyan ki sòti nan 11 komin depatman Nip.

Direktè depatmantal ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl Nip Odel Joseph, fè konnen li remèt 351 chèk ak anseyan fondamantal yo epi 496 chèk pou anseyan segondè yo ki bay yon total 847 chèk 8 mwa aryere salè lane 2019.

Boutofen, direktè Odel Joseph, ki montre li satisfè pou kantite anseyan sa yo ki resevwa chèk sa yo ki pral pèmèt anseyan yo kapab pi byen prepare rantre lekòl la.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …