MINISTÈ KONDISYON FANM AK DWA FANM KONDANE ASASINA LOVELIE MESIDOR

Ministè kondisyon fanm ak dwa fanm kondane, nan yon kominike ki soti 13 dawout 2021, asasina Lovelie Mesidor ki pèdi lavi li nan lannuit 8 pou rive 9 dawout 2021 nan lokalite ODN nan depatman Nò peyi a.

« Ministè kondisyon fanm ak dwa fanm santi l tris e konstène devan zak krapile, kriminèl ki poze kont jenn fanm Lovelie Mesidor kote se Vanel Nicolas, konjwen li, ki touye l nan dimanch lannuit 8 pou rive lendi 9 dawout 2021 nan depatman Nò », ekri nan kominike a.

Daprè kominike a, Ministè kondisyon fanm ak dwa fanm ki se yon enstitisyon nan Leta a e ki gen responsabilite pou fè respekte epi fè pwomosyon pou dwa fanm, kondane ak tout fòs li mòd krim sa ki fè anpil mal ak sosyete a, e tou ki mete dlo nan je fanmi Lovelie Mesidor, jenn etidyan finisan L’UCNH nan agwonomi, ki fèt nan lane 19 oktòb 1990.

« Ministè kondisyon fanm ak dwa fanm, apre li fin aprann sa ki pase a e ki depaman ak diyite moun, mande otorite Lajistis ak Lapolis nan Kap Ayisyen pou fè tout sa yo kapab pou jwenn Vanel Nicolas ki se prezime kriminèl Lovelie Mesidor, selon sa yon pwòch viktim nan fè konnen ki se Woodolf Mesidor », rekòmande ministè kondisyon fanm ak dwa.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …